04/01/2026
Bonè granmaten an, Kore di Nò fè plizyè tir misil balistik, dapre enfòmasyon ki soti nan sous rejyonal yo. Tès sa yo fèt jis yon jou anvan lidè nòkoreyen an, Kim Jong-Un, prevwa deplase pou ale nan peyi Lachin.
Geste a vin ranfòse tansyon nan rejyon an, sitou paske li fèt nan yon moman diplomatik sansib. Obsèvatè yo estime tir misil sa yo ka sèvi kòm mesaj fòs ak pozisyon estratejik Pyongyang, pandan kominote entènasyonal la ap suiv sitiyasyon an ak anpil atansyon.