13/04/2025
M pa renmen kòmante sou sa yo rele “zen” nan aktyalite pa bò isit, men pou yon fwa, m vle di kichòy, paske m se moun avan tout bagay. M sansib ak sila ki sanble avè m.
Anplis, Dave rapòte m ke m te gen chans fè yon entèvyou avèk Roselande , Se sa ki pouse m ekri jodi a.
Anfèt,
M li plizyè vèsyon sou ou. M pa konn sa ki verite, ni sa ki manti, tèlman moun pa bò isit renmen pale—se tankou pale se yon bagay fasil. Men, pale pa t janm fasil. Sa fè m vin pridan. E menm si tout vèsyon yo sou ou te ta vrè, mwen t ap toujou evite asasinen w, paske m gen sè, e ou se moun tou, ak tout sa sa vle di.
Nan tout sa k ap di la yo, m ap swete w kouraj ak fòs nan moman difisil sa a w ap travèse a. E si se ta yon malfwa ki ta pataje videyo entim ou pou nenpòt rezon, m twouve sa mechan e pa edike. Kòm Ayiti pa toujou respekte dwa moun, mwen panse dosye sa ta dwe sèvi kòm egzanp pou lajistis: pou nou konprann ke videyo kò yon moun se pa yon komès, ni yon zouti revanj pou soulaje fristrasyon. Kò yon moun se tanp li — anyen pa bay okenn moun dwa pataje l san konsantman.
Jan Jean-Yves Leloup te di l:
“Les nouvelles technologies donnent une arme terrible à ceux qui manquent d’amour : le pouvoir de nuire sans regarder dans les yeux.”
(Sa vle di: Teknoloji modèn mete yon zam terib nan men sila ki pa gen lanmou: pouvwa pou fè mal san menm gade moun nan nan je.)
Sosyete nou malad, depi nan ADN li. Tout moun gen telefòn, tout moun tounen medya, tout moun jounalis , tout moun blogè, tout moun tout bagay . San reflechi sou dega zam sa yo ka fè. Yo pa konnen e yo pa konprann efè yon komantè , yon move piblikasyon ka fè sou yon moun ki se miwa yo, e ke yap fè menm erè ak li , men petèt ki jis pi byen kache yo. Men detwi yon moun tèlman fasil pou yo… Antouka …
Ofinal,
M ap avè w, Roselande. M swete w limyè, fòs, ak kouraj. Epi m ap di w: kontinye viv talan w, kapasite w. Ou gen anpil bagay pozitif ou ka ofri mond lan. Rete fanm. Rete moun. Rete zanj. VensLePenseur