Joseph Yvronise

Joseph Yvronise Game Minoscar, l'huile fortifiant, lotion et savon

28/04/2021
06/04/2021
Non l ekri nan pla men Bondye pèsòn pap ka efase l.
09/09/2019

Non l ekri nan pla men Bondye pèsòn pap ka efase l.

Lom parèy mw sa yo vre hmmm
31/05/2019

Lom parèy mw sa yo vre hmmm

Istwa tris imajinè #1

Lanfè sou latè

Auteur: Charles Gerlin G-night sèvo

Te gen yon dam yo te rele Mathane, a laj de 17 an Mathane te ansent, paranl te dil yo pap okipe pitit 2 fwa, poutèt sa yo te mete Mathane deyò, Sèl espwa Mathane sete sou papa pitit la kise Bruno, lè Mathane te ale kote Bruno lite di Mwen ansent oui Bruno, Bruno te di ooh yon sèl fwa m ale wap vin dim ou ansent, chachè papa pitit ou a tande😳 mezanmi sete pi gwo kou Mathane te ka pran, li pat konn kisal pral fè, Li te chita lap kriye😭 Bruno te di demaskew devan lakay mwen an, yo diw gen moun mouri la, wap vin kriye la a! (G-night sèvo)

Mathane te ale tou dezole, lite di oooh gade kisa Bruno fèm, se avèk li sèlman m tal nan relasyon kouna gade sa li dim, li dim pitit la pa pou li😭, Mathane te santil anvi tiye tèt li, li te di lap pran kouraj, li te al mande yon moun ladesant, Dam lan te bay Mathane ladesant, Mari dam lan te di pouw rete la Mathane fok mwen ka konnen kisaw pote anba kilòt ou ui, Mathane di di tanpri svp mesye Badio madanm ou banm ladesant, kitem viv alèz paskem pa gen okennn kote poum ale, ou pral metem nan pwolèm ak madanm, tanpri Mesye Badio! Badio te di ki bagay sa, nan aswè pandan Mathane ap domi, Badio ale nan Chanm li an, li met men sou Mathane, li di depiw ouvri bouch ou la, map metew deyo nan nwit lan, Badio vyole Mathane atout li ansent lan (G-night sèvo)

nan demen Mathane te chita lap kriye, Madanm lan te di kisaw gen la Mathane? Mathane te di se mariw ki vyolem yè swa ui, dam lan te di kisa, dat m avèk marim wap vin fè manti sou li, kounya se kob ou bezwen fè wap akize marim, ou mèt metew deyo la ui, paske se yon antrav ou yo, dam lan te mete Mathane deyò podyab, Mathane te tonbe kriye pi plis toujou, Mathane tap di poukisa se mwen kap pase tout mizè sa yo? Mathane te ale yon kote epil te plante 4 pikèt, lite barel ak dra, epil te rete, aprè 9 mwa Mathane te vin akouche, gen yon ti zanmi Mathane kite vin rete avèk li, Mathane te rele pitit la Elizabeth, Mathane te konn kite bb a avèk zanmil lan, epil te konn al pwomennen dlo, se konsal te konn fè ti kob li poul te ka manje poul te ka bay bb a tete, aprè 3 an Mathane te vin gen 20 an, pandan pitit li a te vin gen 3 an, Mathane te antre nan yon sòl, chak lèl sot vann li bay 50 goud pou sòl, lè Mathane te vin touche, li te vin fè yon bak bonbon, sirèt, chico poul te vann, epil te mete Elizabeth lekol, lekol la pat twò chè, li te mete Elizabeth nan lekol ki pi raz la, se konsa Mathane te ap konbat lavi a, Elizabeth te toujou ap di manman kote papim? Mathante te di pitit mwen, mwen se manmanw, mwen se papaw! Elizabeth te di ooh manman bon se gason ki papa, Mathanete te di pitit mwen lèw gran map fèw konprann, aprè 10 an, Elizabeth te vin gen 13 an, li te entèlijant lekol anpil, lekol la Te renmen Elizabeth paskel te vreman entelijant, malgre li pat lekol nan gwo lekol, Mathane te santil toujou fyè de Pitit li a, li te vin gen plis fòs poul lite ak lavi a pou pitit li a, Mathane te tou pat janm pran gason nan vil anko, lite dil li pa bezwen gason nan vil anko

Lè fanmi Mathane yo panse lavi Mathane ta pral mal pase, se wè yo te wè Mathane ap bouske ak lavi a, li pat janm al mande yo, lite reziyenl li soufri grangou poul te ka leve Elizabeth, lite di se Elizabeth ki pou fèl Wè bonè lavi a ap pote pou li demen, li pat janm dekouraje, aprè 10 ankò Elizabèth te vin gen 23 an, lite fini ak lekol li depi a 18 an, Mathnane te fè janl konnen li te voye Elizabeth nan inivèsite, Mathane te vin al Achte gwo sak tomat poul te vann, fanmi Mathane yo te komanse ap fè jalouzi, paske pitit pa yo pa rive lwen lekol, epi pa Mathane lan gentan nan inivèsite, yo pat vle wè Elizabeth nan katye a, Mathane te di pa ba yo regle anyen pou ou pitit mwen, paskem pat konn al mande yo poum te okipew, Lè Bruno te vin wè koman Elizabeth vin fè yon bèl tifi, Bruno te santil regrèt li te di, gade yon bel pitit fi m genyen m pat pranl, men kounya sam genyen yo se nan vagabòn yo lage ko yo, pandan sal te mete nan vant Mathane la fè yon bon ti moun

Elizabeth te vin al konpoze nan inivèsite a, li te vin loreya pou lekol la, Elizabeth te kouri sou manmanl li di Manmi m loreya ui yo banm yon bous poum al etidye an France, Mezammi Mathane te tèlman kontan, li te di Mizèm yo pat an ven, gade koman pitit fim lan pral leve tèt mwen, mwen level san papa, m pase anpil mizè, yo te vyolem lèw te nan vant mwen, kounya gade komanm pral rekonpanse tout mizè m te pase yo! Elizabeth te anbrase manmanl, te gen yon lajwa kap debode nan kè Yo

Fanmi yo te jalou, yo te di evre, li pral an France, se nan sèkèy li pral an France sa, epi yo te al fè maji, nan aswè pandan Elizabeth tap domi, lite wè anpil espri ap kouri dèyèl, Elizabeth te leve lap rele anmweyyy, Mathane te di saw genyen pitit mwen? (G-night sèvo)

Elizabeth tap rele men yo vin chèchem, epi se konsa kou Elizabeth te vin kase, mezanmi Mathane pat konn souki pye poul te danse dans sa, Mathane tap rele anmweyy sekou, pèsòn moun nan zòn lan pat okipel, lè Mathane wè anbilans vin lakay li vre, poul wè yo prale ak pitit mizèl la, mezanmi Tèt Mathane te pati lap kouri, paske kou sa twò di, poul pèdi pitit li a kri konsa, yon sèl kou a Elizabeth pat ka rete nan mòg la, lap anfle, se yon antèman byen rapid ki pou fèt! 21 kòd te mare senti Mathane, Mathane tap di m pèdi pitit mwen an vre, m poko ka kwè, metem nan kav la ak pitit mwen an, koman pral ka kanpe mezanmi? m pèdi kouraj mwen an😭😭😭😭 mwen fin pase tout mizè sa yo, lè pitit la pral ka fèm manje a poul mouri konsa, poukisa yo pat touyem pito? yo ta kite pitit la jwi pou tout mizè pitit la pase😭😭😭

Epi se konsa vre yo te antere Elizabeth, yon bèl pitit fi yo fourel nan kav la, Mechan yo te di kounya ma wè sal pral fè, frekanl frekan poul pitit li a filozòf nan figi nou la, pandan pa nou yo pa menm rive lwen menm, Mathane te santi lavi a fini pou li, li tap poze tèt li kesyon poukisa li oblije ap viv nan mond lanfè sa? pou tout mizè li pase pouse konsa li vin rekonpanse😭😭😭(G-night sèvo)

Aprè yon semèn Mathane tap mache tou dezole, li tap mache li pa konn ki kotel prale, li pa janm ka manje, li fini sou pye paskel pat ka santil ka reziste ak soufrans sa, lite mare vant li byen sere, mem dlo frèt li pa bwè, telman li tap panse ak pitit fil la, Pandanl tap mache konsa, li te wè yon pakèt bèf yo mare pou yo tal kòche, Gen youn nan bèf yo kitap gade Mathane byen tris, lap plede bat kòl, li preske kase kòd, tout moun patka konprann sakap pase a, Mathane te di oh gade koman yon bèf move, Bèf la te tèlman ap bat kol paskel te wè kouto ap file pou yo al touyel, Mathane te kanpe lap gade, Bèf la te di Manamn se pitit fiw la ui Elizabeth, se yon bèf yo fèm tounen ui😭😭😭😭😭😭😭😭😭😭 aswiv fans yo.........

😱😱😱😱😱😱😱

Pouw pa rate #2 a like paje la kounya, #2 a ap lage aprè 1500 moun fin pataj, patahe pou swit yo pa pran de twa jou

G-night sèvo

Waaaaaaw byen jwe
31/05/2019

Waaaaaaw byen jwe

Istwa imajinè #1

Lanmou limyè ak tenèb

Auteur: Charles Gerlin G.night sèvo

Diwens promo Haiti

Te gen yon bèl jèn ti fanm yo te rele vodouna, se manmanl ak papal kite bal non sa, paran vodouna sete vodouyizan, maman vodouna sete yon manbo! Papal se ougan! Vodouna telman bèl fanm tout nèg te dèyèl men vodouna pat janm enterese de yo, paskel te di li pa renmen konpotman jèn gason de no jou yo, paske abitid yo se trip sou jèn fanm, gen yon sèk neg bo kay vodouna, sa yo fè selman se trip sou fanm, depi yo wè yon fanm ap pase yo tonbe chante OOOoh m pral pozon kesyon? Yon jén fanm ak yon 1000gds saw pi pito? Bagay sa te fè vodouna depeste mesye yo anpil, vodouna te di li pa nan pran pa ak Jan de nèg sa yo! Vodouna grandi nan mitan peristil, depi piti li fè pâti yon lakou ki toujou gen dans lwa ladann, vodouna pat telman fin renmen bagay sa yo, men kôm se ladann li leve li oblije paske paranl dil sil pa ladann sal pran se pal, vodouna te gen 25 an! Li konn gen lwa ki konn danse nan tèt li! Vodouna gen yon bèl wôb blan, se avèk li li toujou danse lè lwa monte nan tèt li! Vodouna se te yon jèn fanm tèt li byen fèt, li pa nenpot moun, li respecte moun anpil, li toujou renmen abiye ak pil bagay atizana rad karabela! Li toujou byen bèl lél nan lari! Tout abimanl renmen pran se abiman ak bel wôb!

Te gen yon patnè yo te rele Jacob, papal sete yon pastè, papal konn toujou ap prêche nan tout lari, paran Jacob pat gen mwayen, Jacob toujou byen senp lèl nan lari, pontalonl toujou byen nômal sou li, li toujou byen konfomel, paran Jacob toujou di Jacob pigaw pran pa ak nenpot fi, si pouw pran yon fi se anndan legliz la pouw pranl paske medam deyô yo, se chawa yo ye, se chawa yap mâché fè, si pouw fè yon bon renmen se anndan legliz la pouw pran moun lan! Te gen yon ti Dam nan legliz la yote rele Mathieu se li paran Jacob te vle pou Jacob, men Jacob toujou di li pa renmen ti Dam sa, paran Jacob di se moun legliz li ye se li kap seviw yon bon madanm! Yo toujou ap fose Jacob men Jacob pa vle ti Dam lan! Jacob gen 24 an! Mathieu cho dèyè Jacob men Jacob pa renmenl! Mathieu toujou metel sen tankoul paka kraze yon ze, tout moun toujou ap di son bon timoun, se li kap ka sèvi yon bon fanm pou Jacob!

Yon jou pandan Jacob àp mâché poul al chita sou yon plas, vodouna wè jacob kap vini depi de lwen, vodouna di waww gadon bo tigason, li byen senp se Jan gason sa yo ki nan sans mwen! Waww gade mâché ti gason an, li vreman nan sans mwen, sil ta vin pale avèm m tap byen ranje kôm poum pale avèk li, pandan Vodouna ap plenyen komanl ta renmen pou se bo kotel pou Jacob ta vin chita , epil wê Jacob ap vin sou li direkteman, mezanmi tout kò vodouna gratel li pa konn kotel ta mete kôl, Jacob parèt li di bonjour bèl demwazèl komanw ye? Vodouna di mwen vreman anfom ui jèndjan, mwen vin anko pi anfom deske yon jéndjan byen senp, byen abiye tankouw dim bonjour! Jacob di evre se yon plezi, merci! Jacob di sa pap deranjew sim chita tou prew la?ou pa akonpanye? Vodouna di oh non mesye map byen kontan janm te poukont mwen la ! Jacob chita epil di se komanw rele? Mwen rele vodouna eou menm? Mwen se Jacob! Jacob di ou se yon vodouyizan?

Vodouna: oui mesye jack! Mwen levem jwenn manmanm papam ladann, yo entegrem ladann tou, m pa fin renmenl non menm oblije ladann se avèk li m jwenn paranm fè lajan pou yo okipem!

Jacob: evre vodouna, mwen ta renmenw pran Jésus ui menm lèl pap fasil vre pou ou

Vodouna: oui li pap fasil vre non, m ta byen renmen wèm menm kote avèw ui, malgrem konn paranm pral sote ponpe menm ta renmen sa!

Jacob: malgrel pap fasil vre, men depiw fè bondye konfyans li ka edew

Vodouna: ebyen ok mesye jack!

Jacob: ou met banm nimewow ui poun ka rete an kontak vodouna

Vodouna: ebyen ok pa gen pwoblem!

Jacob: ebyen ok m pa rete non vodouna!

Vodouna: ok chery merci ui pou ti pale a! Oh waww gade koman yon jèndjan konn pale mesye, se pa menm Jan ak nèg bo lakay yo non, depi yo wew oooh chéri annal fel non, menm pale yo pa konn koman pou yo pale ak moun menm, gadon koman Jacob son nèg ki byen elve, m santim gentan renmenl ui, m enpasyan pou apèl li pral banm lan bam ale lakay mwen!

Nan aswè Jacob rele vodouna yap pale, fason vodouna pale ak Jacob li gentan sedwi Jacob, Jacob vin paka rete yon minit poul pa rele vodouna, Jacob di yo konn di pitit ouga ak manbo se move moun epa se pa vre, gade koman vodouna kaptivem mesye! Chak swa avan vodouna domi Jacob toujou relel poul priye avèk li, nan konsa Jacob komanse montre vodouna priye, lwa yo komanse ap ekate vodouna, paran vodouna di bon vodouna safe lontanm we lwa yo pa desann nan tèt ou sakap pase konsa, fok ou vin met ajenou ui devan bawon poum konn sakap pase? Vodouna di manman m vle ekate bagay sa yo ui, m anvi pran yon lot diresyon! Manman an di, kisa vodouna? Pou valè bagay lwa yo fè pou ou ou patap manke pa engra, ou fin prépare kounya se lajan Djab la ui ki metew kotew ye a, ou wew vin entelektyèl ou twouvew gen twop konesans pouw sèvi lwa yo, Bondieu fèw konnen lwa yo pa jwe! Chak swam wew ajenou devan kabann ou wap konnen! Pa kite papaw konn sa, paskem konnenl ka koupe tet ou li met anba peristil li a😡!

Paran Jacob menm di bon Jacob ou kite Mathieu la nou chwazil pou ou a, ou la wap plede damou nan tekefôn ak yon lot fi, ak kifi wap damou konsa? Jacob di yon bon ti zanmim ui, li rele vodouna m renmenl anpil! Manman Jacob di kisa, sak vodouna à? yon moun ki rele konsa? Jacob di ui!
Manman an di sesak few pavle Mathieu à se nan vodouna ou lage kow, talè konsa ma tandew ougano! .😀! Ou pa tande non moun lan vodouna, ou déjà we moun sa son pitit Djab, saw bezwen nan moun sa Jacob? Jacob di non manman fasonl pale avèk mwen li pa yon move moun non manman, yo toujou ap di depi yon timoun pitit ougan li se yon move moun , vodouna pwouvem se manti, m plis wèl anvi chanje kel ta yon move moun ui! Manman an di ok tande Jacob gade yon bon ti fanm nou chwazi pou ou, m tandew nan vodouna Bondieu konn kale moun ui, kotew konnen limyè konn pran pa ak tenèb? Jacob di manman yon limyè ka ede yon tenèb, poul fèl vin nan limyè! Manman an di kouna ou pran pawôl la ou virel, kotew jwenn ak lojik sa Jacob! Ou konn depi papaw konn bagay sa lap metew sou sanksyon nan legliz la Jacob? Jacob di manman pa enkyetew vodouna se yon bon yon bon timoun😍

Nan aswè Jacob preske fè tout nwit lan ap pale ak vodouna nan telefôn, kou yo fin pale yo priye yo ansanm nan telefôn lan épi yo domi! Nan demen Jacob te gen yon randevou ak vodouna sou plas la, vodouna te achte yon bèl tenis pou Jacob, paske sete jou anivèsè Jacob! Mezanmi yo vin telman damou! Yon jou pandan Vodouna kanpe lap pale ak Jacob, manman vodouna di maril la konsa vin gade ak kiyes vodouna ap pale, ak yon moun ki gen Bib nan menl, papa vodouna di anh esak fèm wem paka konprann vodouna à, lwa yo pa janm desann nan tèt li, lè moun vin fè leson la, anyen pa janm ka mâché, depi yon mwa se kob map plede pédi nan men kliyan yo! Vodouna genlé bliye sim pa jwe, gade ti nèg la ak Bib nan menl, ou kwè vodouna ta trayi lakou a, gen yon lwa ki monte nan tèt papa vodouna, li andjable😈 epil ap avanse sou Jacob ak vodouna! Vodouna di woyyy Jacob menm papam! Jacob di pa kouri rete la, vodouna di kisa? papam pa jwe non😱😱😱😱😱

Aswiv fans yo........! Lew inyore pataje lew fin li se soufrans ou pou swit yo ou ogmante, lew pa taje ou pa peye pou sa😎

Like paj la pataje siw pa vle soufri pou #2 à

Diwens Promo Haiti
G.night🇭🇹 sèvo👽

30/05/2019

Bon à savoir

Padonm toujou nan tèt bouch mwen depi lèm mouri ak Kris mwen t leve ak li an. Sa koz mw soufri anpil tou.Mw pa regrèt pa...
29/05/2019

Padonm toujou nan tèt bouch mwen depi lèm mouri ak Kris mwen t leve ak li an. Sa koz mw soufri anpil tou.Mw pa regrèt paske se pou Jezi

Yon mari kretyen di : mwen pa gen kè poum kouche menm kote ak madanm mwen, poum gadel, menm poum santil kotem lèl finn fèm fache, ni finn fèm yon bagay, poum santim byen se elwanyel, separe kabann ak li.

Ebyen kitem diw mari se gabèl wap bay satan tande.
Kisaw te konprann aprè ou te finn di "Wi ou vlel la nan bon tan kou nan move tan" kisaw tap atann de move tan?

Move tan yo se sa wi zanmi se ti konfli, ti diskisyon yo,

Lè ou kouche fache ak madanm ou ou bay demon plas poul monte kabann ou.
Ou bay demon plas poul bati kay pal anndan kay paw.
Ou bay demon aksè poul kontwole koup ou.
Ou bay demon plas poul monte tèt pitit ou, fè yo rebel.
Ou bay demon plas ou sou kabann nan poul viv ak madanm ou.

E si ou rete fache toutan, separe kabann toutan, rete boude toutan avèl,Demon menm ap banboche nan tout kay la, lè wap vle met demon sa deyò lap gentan two ta paske lap gentan kraze, brize, lap gentan finn bati twòn pal anndan kay paw la.

Mari aprann padone, pou sove fwayew.
Madanm aprann bliye pou sove fwayew.
Pa kite tou vid pou demon, ni sou kabann, ni anndan kay, ni menm nan lakou.
Bouche tou vid yo, priye, padone pou nou viv byen nan Jezi.

Adresse

Ganthier

Téléphone

+50931127419

Site Web

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Joseph Yvronise publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Partager