23/07/2026
🚨Izadorah Lapierre, yon jèn Ayisyèn ki gen 17 lane, seleksyone pou reprezante Ayiti nan misyon espasyal entènasyonal ShakthiSAT, yon pwojè syantifik ki rasanble jèn fi ki soti nan 108 peyi.
Pwogram nan, ki òganize pa Space Kidz India, vize ankouraje patisipasyon tifi ak jèn fi nan syans, teknoloji, jeni ak matematik (STEM).
Nan kad misyon an, patisipan yo pral kontribye nan devlopman ekipman syantifik ki pral entegre nan yon satelit ki prevwa lanse 11 oktòb 2026 pou yon misyon ki gen rapò ak òbit Lalin nan.
Izadorah pa nan premye eksperyans entènasyonal li, paske li te deja reprezante Ayiti nan konpetisyon robotik FIRST Global Challenge.
Seleksyon sa a mete an valè kapasite li nan domèn syans ak teknoloji epi li pèmèt Ayiti genyen plis vizibilite sou sèn entènasyonal inovasyon syantifik la.
Sous: Juno7