Gonayiv konekte

Gonayiv konekte Bienvenue sur : Gonaïves Konekte ! Votre page d'info dédiée à la ville des Gonaïves.

Restez connecté(e) avec les actualités locales, événements et initiatives qui font avancer notre communauté.

Mairie des Gonaïves
30/07/2026

Mairie des Gonaïves

Mairie des Gonaïves
26/07/2026

Mairie des Gonaïves

Gonayiv pa sèlman yon vil, se yon fyète.Chak lari, chak kwen rakonte yon istwa. Lè w gade bèl vi sa a, ou sonje jan vil ...
22/07/2026

Gonayiv pa sèlman yon vil, se yon fyète.

Chak lari, chak kwen rakonte yon istwa. Lè w gade bèl vi sa a, ou sonje jan vil nou an gen anpil potansyèl. Ann kontinye renmen l, pwoteje l, epi mete l an valè.

Gonayiv, vil nou… fyète nou.
Mairie des Gonaïves
Marco Photo

Lamèri Gonayiv lanse yon mouvman ki rele “Libere, Libere, Libere” jodya nan vil la nan sousi pou debloke lari ak trotwa ...
20/07/2026

Lamèri Gonayiv lanse yon mouvman ki rele “Libere, Libere, Libere” jodya nan vil la nan sousi pou debloke lari ak trotwa de batanklan tankou vye machin, tab, trailer, ect. Nouvo konsèy Minisipal sa montre ke nou ka anbeli vil yo si nou vle. Si ekip sa pa devye, nan 100 jou, komin Gonayiv ap repran fòm li jan sa te dwe ye a!

Espay champion
19/07/2026

Espay champion

Révélation Hôtel ouvri pòt li nan GonayivVil Gonayiv kontinye grandi ak nouvo envestisman ki vin amelyore sèvis ak opòti...
17/07/2026

Révélation Hôtel ouvri pòt li nan Gonayiv

Vil Gonayiv kontinye grandi ak nouvo envestisman ki vin amelyore sèvis ak opòtinite pou popilasyon an. Se nan lespri sa a Révélation Hôtel ouvri pòt li ofisyèlman pou resevwa kliyan li yo sou Route Nationale #1, Pont Gaudin.

Nouvo otèl sa a prezante yon enfrastrikti modèn ak yon achitekti elegant ki bay vil la yon nouvo imaj. Li fèt pou akeyi vizitè, moun k ap fè biznis, fanmi, ak tout moun k ap chèche yon espas ki konfòtab ak an sekirite pou pase kèk tan.

Ouvèti Révélation Hôtel la se yon bon nouvèl pou Gonayiv. Li montre gen moun ki kontinye kwè nan potansyèl vil la epi ki dispoze envesti nan devlopman sektè touris ak sèvis yo. Kalite envestisman sa yo kapab kreye travay, ankouraje aktivite ekonomik, epi amelyore eksperyans moun k ap vizite vil la.

Nou salye inisyativ pwomotè otèl la epi nou swete Révélation Hôtel anpil siksè nan misyon li pou ofri bon jan sèvis bay kliyan li yo.

📍 Adrès: Route Nationale #1, Pont Gaudin, Gonayiv.

Gonayiv Konekte ap kontinye mete an valè tout inisyativ ki kontribye nan devlopman ak pwomosyon vil Gonayiv.

Vil nou, vibe nou, enèji nou.

🏡 GONA IMMO – Yon nouvo etap pou modènize sektè imobilye a ann AyitiNan yon epòk kote teknoloji ap chanje fason nou viv ...
17/07/2026

🏡 GONA IMMO – Yon nouvo etap pou modènize sektè imobilye a ann Ayiti

Nan yon epòk kote teknoloji ap chanje fason nou viv chak jou, li enpòtan pou vil nou yo antre nan mouvman sa a tou. Se ak vizyon sa a nou lanse Gona Immo, yon platfòm dijital ki fèt pou fasilite aksè ak sèvis imobilye nan Gonayiv ak, piti piti, nan tout depatman peyi a.

Twò souvan, moun oblije pase anpil tan ap mache dèyè yon kay pou lwe, yon teren pou achte, oswa yon otèl pou rezève. Pafwa yo pèdi tan, lajan, e menm tonbe nan move enfòmasyon. Gona Immo vin pote yon lòt solisyon.

Platfòm sa a se yon espas kote nenpòt moun kapab, san deplase:
• Chèche kay pou achte oswa pou lwe;
• Jwenn teren ki disponib;
• Rezève otèl;
• Chèche apatman oswa lòt byen imobilye;
• Epi, sa ki pi enpòtan, antre an kontak dirèk ak pwopriyetè a pou diskite sou kondisyon yo.

Objektif nou pa sèlman kreye yon sit entènèt. Nou vle mete teknoloji nan sèvis popilasyon an, rann rechèch imobilye pi senp, pi rapid, epi pi transparan. Se yon pwojè ki fèt pou ede sitwayen yo ekonomize tan, diminye entèmedyè ki pa nesesè, epi bay plis vizibilite ak pwopriyetè ki vle vann oswa lwe byen yo.

Sa se sèlman kòmansman an. Nou gen anbisyon pou devlope platfòm la chak jou, ajoute nouvo sèvis, epi elaji li nan tout depatman peyi a, pou nenpòt moun, kèlkeswa kote li ye, kapab jwenn enfòmasyon li bezwen nan kèk klik sèlman.

Nou kwè devlopman yon vil pa depann sèlman de wout ak bilding, men tou de solisyon dijital ki rann lavi sitwayen yo pi fasil. Se nan lespri sa a Gona Immo ap travay pou kontribye nan modènizasyon sektè imobilye ann Ayiti.

🌐 Byenvini sou Gona Immo – Jwenn, achte, lwe oswa rezève san deplase. Teknoloji nan sèvis ou.

GONAYIV KONEKTE | ENFRASTRIKTIYon nouvo pasaj pyeton ansanm ak poto sekirite enstale devan Meri Gonayiv la. Amenajman sa...
17/07/2026

GONAYIV KONEKTE | ENFRASTRIKTI

Yon nouvo pasaj pyeton ansanm ak poto sekirite enstale devan Meri Gonayiv la. Amenajman sa a fèt pou amelyore sekirite pyeton yo, òganize sikilasyon an, epi ankouraje chofè yo respekte espas ki rezève pou moun k ap travèse lari a.

Nou salye efò nouvo katèl k ap dirije Meri Gonayiv la pou inisyativ sa a, ki montre yon volonte pou amelyore enfrastrikti ak aparans vil la. Se yon premye pa ki merite ankourajman.

Nou espere travay sa yo pap rete sèlman nan zòn sa a, men y ap kontinye nan lòt lari ak katye nan Gonayiv pou fè vil la vin pi modèn, pi òganize, epi pi an sekirite pou tout sitwayen.

E nou menm, kisa nou panse de nouvo amenajman sa a? Èske nou ta renmen wè menm kalite travay sa yo fèt nan lòt zòn nan vil la?

📍 Gonayiv Konekte
Vil nou, vibe nou, enèji nou.
Mairie des Gonaïves

🌴☀️ BIENVENUE VACANCES 2.0 ☀️🌴🗓 19 Jiyè📍 Le Village d’Ennery⏰ 8h AM💰 350 HTPare pou yon jounen plen plezi ak detant! 🏊‍♂...
19/06/2026

🌴☀️ BIENVENUE VACANCES 2.0 ☀️🌴

🗓 19 Jiyè
📍 Le Village d’Ennery
⏰ 8h AM
💰 350 HT

Pare pou yon jounen plen plezi ak detant! 🏊‍♂️⚽🏀🎲

Pa rate evènman vakans tout moun ap pale a. Rezève plas ou depi kounye a!

📞 43509920 / 37127139 / 41150052

🌴🔥

Adresse

Gonaïves

Site Web

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Gonayiv konekte publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Raccourcis

Partager