21/11/2019
DANJE KI GEN NAN PRAN ANTIBYOTIK NENPÒT KÒMAN
yon ti konesans anplis ap bon pou ou, pa neflije patajel
Jodya m pral pale nou de youn nan rezon ki fè anpil moun konn ap plenyen di yo gen yon enfeksyon ki pa janm trete e pratik sa koz anpil moun gen gwo problèm pou konbat maladi enfektye tankou tibèkiloz , nemoni, gonore, tifoyid etc... e si yo trape yon enfeksyon ki vin grav sa konn koze lanmò, li jis nan fen tèks la m bay konsèy pou pa sa rivew...
OMS(òganizasyon mondyal sante)deklare pratik sa son menase pou sante popilasyon yo
Pratik sa anpil ayisyen renmen fèl bwè amoksisilin, p***silin , flikonazòl etc... pou konbat enfeksyon san yo pa konn ki mikwòb ki kozel , e yo konn remake yo pa janm geri jiskaske enfeksyon an vin grav anpil
Gen fi ki menm konn pran abitid bwè amoksisilin aprè règ swadizan sa ap netwaye vajen yo , banm klarifye sa pou nou vajen an netwaye pou kòl, pi lè medam sa yo gen yon enfeksyon yo konn remake enfeksyon sa pa janm geri jiskaskel grav e konn menm anpeche medam sa yo fè pitit, nan moman fi an pral gen règ li , li konn remake yon sekresyon tankou blanch sa pa gen okenn rapò a enfeksyon , se nòmal nan fonksyonnman vajen an
Moun nan gen yon ti kanal brile sanl pa konn ki jèm( gen anpil anpil jèm ki ka baw kanal brile) li pran medikaman , saw tande an bagay yo agrave li kòmanse p**i san, li kòmanse gen gwo doulè anba vant etc...
Pratik sa fèw:
- pèdi anpil lajan nan achte medikaman
-fèw fè anpil tan lopital (plis tan ke w ta sipoze fè) donk plis kòb ap depanse
-diminye chans pou konbat yon enfeksyon e ogmante chans pou mouri etc...
Kisak pase an reyalite?
Se rezistans mikwòb ki nan kò nou vin devlope fas a yon antibiotik a fòs kew ap ekspozel a antibiotik la e pratik m tap pale ki koze sa se lè yon moun pran plezi bwè nenpòt antibiotik pou nenpòt enfeksyon
E fonn konn sa enfeksyon pa sèlman vle di enfesyon vajinal , ou ka gen enfeksyon tout kote tankou nan poumon tibèkiloz pi souvan son enfeksyon nan poumon,
ou ka gen enfeksyon nan ren, nan kè , fwa , nan òga'n jenital ,nan tèt etc..
e kelkeswa kotel ye an, a koz de antibiotik ou te konn ap bwè nenpòt kòman ou gen mwens chans pou geri maladi an e gen plis chans pouw mouri...
Ann fon ti rapèl kisa antibiotik la ye ?
Se yon klas medikaman ki gen ladann dè santèn medikaman, nou menm nou ka konn amoksisilin, p***silin etc...ki la pou kont mikwòb e yo konn itilizel pou prevni enfeksyon , lè mikwòb yo kòmanse bay problèm li abouti a sa nou rele enfeksyon , gen dè e dè milye de mikwòb...
Tout antibiotik pa aji sou tout mikwòb
Problèm ki vin gen a bwè antibiotik san okenn ekszamen, san avi medsen pou mikwòb kap baw problèm nan ou souvan bwè yon antibiotik ki pa aji sou li sa vin fè a fòs kew ap plede ekspoze kòw a antibiotik sa mikwòb ki nan kòw yo vin reziste a antibiotik la, vwala kounya ou gen yon enfeksyon e mikwòb yo gentan reziste a antibiotik la donk antibiotik ou pral bwè an pap fè anyen pou ou
Lèw provoke rezistans lan ou ka :
-gen gwo problèm trete yon enfeksyon
-ou pral pèdi tan nan plede achte medikaman plis depans
-ou pral fè plis tan lopital , plis depans
-ou gen mwens chans pouw geri e plis chans mouri de yon enfeksyon
Movèz nouvèl m gen pou nou se ke denyè antibiotik ki te sòti an sòti depi 20 èm syèk , antibiotik nou ret sou mache yo la mikwòb yo gentan reziste a pifò nan yo, sa trè enkyete OMS ki otomatikman deklare sa kòm etan problèm sante piblik e wè anpil maladi kòmanse ap vale teren kounya...
Rezistans sa konsène tout peyi nan mond lan e touche peyi ki pòv yo plis paske pa gen yon kontwòl medikaman sou mache yo, moun achte medikaman nenpòt kòman san preskripsyon
E yon lòt bagay ki koze rezistans lan ogmante an se nan vyann nap manje yo anpil nan bèt sa yo te konn resevwa antibiotik pou yo pat malad vwala kounya ou menm kap manje antibiotik endirèkteman preske chak jou... e 50 % popilasyon moun kap vin an pwovens an Ayiti nan ensekirite alimantè selon CNSA ( Coordination Nationale de la Sécurité Alimentaire) bagay la grav...
imajine yon moun kounya kap pran antibiotik nenpòt kòman
Siw konn ap plede pran antibiotik san kontwòl, medikaman ba pri ki premye entansyon doktè pral prekriw yo pap fè anyen pou ou, vwala poukisa ou konn ap plenyen anpil di antibiotik doktè an pa fè anyen pou ou , ou dwe di medsen an ki antibiotik ou te konn pran avanl preskriw antibiotik li pral preskriw la...
Lap konnen fòl baw youn ki pi fò e ki pi chè ,kounya depans ou ap ogmante...
Kijan pou lite pou sa pa rivew?
-pa bwè antibiotik san avi doktè
-pa bwè antibiotik si w pa nan bezwen , koupe bagay bwè antibiotik aprè règ la...
-si doktèw preskriw antibiotik evite patajel a lòt moun, sa pa vle di se menm mikwòb kap baw problèm nan kap bal problèm menm siw ta wèl gen menm siy a sentòm avèw
Sin anplike prensip sa yo, wap amelyore viw e siw pataje tèks sa wap sove anpil vi
Like & pataje
Idantifye yon moun li avèw
Kerry NORBRUN
m tou pwofite jodya pot yon video sou yon kansè pou nou ,son kansè:
- depiw te fè sèks a mwens ke 17 an, ou a risk
-depiw gen plizyè patnè seksyèl ,ou a risk
-depiw gen plizyè pitit ,ou a risk
-depiw pa janm al kay doktè pandan 10 dènye ane sa yo ,ou a risk
-son kansè depiw pa fè yon ekszanmen m bay video an ou an risk
se an ayiti kansè sa tiye plis moun nan rejyon karayib la