14/06/2026
🚨 REALPROMO – LÈ KONPETANS VIN TOUNEN REVNI 🚨
GIBM, atravè ansyen etidyan li nan Kominikasyon ak Relasyon Piblik, prezante REALPROMO kòm yon inisyativ dijital ki vize akonpaye Ayisyen yo nan antre, grandi ak reyisi nan ekonomi dijital la.
Nan yon epòk kote teknoloji ap kreye nouvo opòtinite chak jou, REALPROMO pozisyone tèt li kòm yon patnè estratejik nan: maketing dijital, monetizasyon kontni, solisyon finansye dijital, lojistik acha sou entènèt, ak akonpayman antreprenè yo.
💡 Misyon nou: rann zouti dijital yo pi aksesib epi ede moun devlope konpetans ki tounen revni reyèl.
🌍 Vizyon nou: kontribye nan fòmasyon yon jenerasyon ki sèvi ak inovasyon ak antreprenarya pou transfòme ekonomi Ayiti.
Paske nou kwè sa klè: lè konpetans byen oryante, li vin opòtinite, li vin revni.
REALPROMO
“Where Skills Become Income.”