22/05/2026
Kèk jou anvan fèt drapo a, nan l'église sur le rocher de Petion-ville, jèn yo te pran yon inisyativ pou yo abiye an karabela. Se te yon fason pou montre yo ka toujou rete kretyen pandan y ap renmen epi valorize kilti yo.
Ann dakò sou yon bagay: Levanjil la pa ka modènize, men li kapab evolye nan fason nou konprann li ak jan nou aplike li.
Gen anpil mantalite nou te konn genyen ki pa gen plas ankò jodi a. Sa pa vle di nou sispann kretyen, men pito nou rive konprann ke objektif Bib la pa t janm pou denatire nou ni pou fè nou vin san responsablite kòm sitwayen.
AJESROPV