22/04/2024
*Lanmou bèl*
Pati #1
*Se istwa de jèn kite renmen kap viv lanmou yo malgre difikilte yo arive fè tout sa yo te anvi fè pou yo sove lanmou an e soufwi ansanm istwa sa li enspire pa Edner Pierre-Louis li ekri pa Edner Pierre-Louis*
*Kèk pèsonaj wap gen pouw rankontre nan feyton an Nela ki se aktris la Joe ki se aktè a Ninou ki se manman Nela Boss Odelyn ki se papa Nela epi wap jwenn Jaklyn ki se papa Joe ak Mirlène ki gen ti ton man Jacklyn ki se manman Joe ak lot pèsonaj ankò tankou Luc,Steeve,Noé ,Sonson,Odson,Mirline,Stecie, Cassandra,Tedlyn,grann Solène,Ton Levy, direktè Boulout,Castro,Odette,Julie, Jean, Jude le millionnaire,Odenie moun sa yo se ansanm te pèsonaj wap gen pouw viv nan feyton an*
*Premye pati a se rankontre Nela ak Joe pou premye fwa men Joe tap bay blag ak yon bon patnè li ki se Steeve ann swiv koman sa pral dewoule*
*Joe*:kèt gade yon bèl kreyati kap vini anba non sa se moun pam nan san mank wi
*Steeve*:ou ta mwayen soti nan vi selibatè 😀 paskew pral gen 18 an la ou poko monte yon poul menm
*Joe*:Se pa sa non frèm medam yo deyò a se enterè ki fè yo renmen oubyen yo dèyè yon lepè ki ka depanse la pou yo fonksyone malere tankoum mw pral antre anba nenpot gran zouzoun pou vinn metem mal alèz ki ka menm fèm vòlè
*Steeve*:mwen frèm map propoze yo ke yap pati epi papam plen byen konm finn pran yon flanbe mw bloke yo sou tout kote nèt ou pa wè lotrejou 2 medam goumen pou mwen lekol la se lote map lote
*Joe*: monchè ou poko tonbe sou yonn ou damou wap anvi blokel ou pap ka non epi wap plede bay yo kou jou yonn baw kou wap fou wi epi kòmanw fè ap jere tout fanm sa yo ansanm
*Steeve*:pa fè sa monchè lèm ak yonn mwen fèl konnen li se bon menaj la lèm ak lot la menm bagay la epi ou konnen lakay la mw gen chanm mw e sèm nan se pa moun kap pale kozem dayè mw pi gran chak sam ale lakay la mwen fè sèm nan fè konesans avèl di se sèl li ye saw tande a baton gentan ap voye nan chanm lan
*Joe*: monchè mw pa baw konsèy ale ak fi lakay ou ankò non frèm paske se yon ti sè ou gen si yon jou li vini ak yon nèg anndan saw ap fè epi se pa egzanp sa yo ou dwe bay ti sèw tande sam pa renmenl non
*Steeve*:Mwen se sam pa renmen avèw la toujou pran poz frè levanjil ou
*Joe*: talè ann kite sa demwazèl la rive
*Nela rive tou prè Joe konnya ann swiv kòman Joe pral pale ak Nela pou premye fwa yo*
*Joe*:bonswa bèl ti demwazèl sanblew prese anpil e janm ap gadew la ou sanble yon moun ki pa twò konn zòn nan mwen ka edew e pou janw bèl la yon jou dimanche ou fèt
*Nela*:ou pa manke pat byen fè repetisyon sa ou wè fontenn mwen make mw bezwen èd
*Joe*:Se jis yon fason poum ka apwochew bèl ti pitit non pam se Joe sa ekri j o e e ou menm si sa pap deranjew
*Nela*:Sa gentan deranjem paskem pa renmen bay enkoni nonm
*Joe*:jodya mwen se yon enkoni men siw vle mwen pap rete enkoni tout tan non saw panse e depi anba map vizyalizew mwen gentan di sa se moun pam nan
*Nela*:wi sa se moun paw la vre yo palem de nou nan katye a wi nou panse apènn mw vini mw pral gentan bay ou enskrim nan lis viktim nou an ebyen ou pap 6 nan 12 la tande
*Joe*:men ki lis viktim wap pale konsa ou wèm sanble yon gang yon kidnapè se vre mw se yon liseyen menm onèt pa metem nan menm panye ak tout moun
*Nela*:ou konn sak pase mwen pat la poum fè etènite ap tande koze kredi paske mwen gen achiv nou tout antouka male wa di yo ti poul sa resi paka kit ni bouyi
*Nela pa bay Joe okenn chans poul di anyen byen ke Joe pa yon nèg ki leve nan fi ki ka konvenk yon fi vre li pral tounen al pale ak zanmil lan Steeve*
*Joe*:gade ou wè sam toujou ap palew la li dim mwen pap ka antrel nan lis viktim nou an pandanm pa konn anyen
*Steeve*: janm wèw te apwochel la mwen te gentan konnen se radot kap fèt ou paka bon vre ou manke mete vivasite nan saw ap fè a
*Joe*: yon pwochenn fwa paske li di se nan katye a li rete
*Joe telman ap pale lontan li menm bliye si papal te bay achte yon bagay e nèg sa telman dwol ann swiv kòman sa pral pase*
*Siw renmen travay la patajel ak lot zanmiw e se sèl fason ke ou ka edem*
*Ekri*:Edner Pierre-Louis
*Dit*:Edylee le parolier
*Mo'm geri mo*
*Whatsapp:32070918